YON ISTWA MOUN LONTAN AK FANMI

in #palnet5 years ago

b2f6f7pkv9.jpg
(Pixabay)
Mwen kontan lepè a vini wè’m.
Sa fè anpil tan nou pa wè e Mwen kontan anpil
Anpil blag tonbé.
Lè papa’m te gen 18 tan nan ané 60 yo,
li te pran bato SenMak pou li alé wè gran’n li Koray,nan zòn Jeremi.
Pandan yo sou lanmè mové tan pran pyé capitèn bato a fè skal miragoane.
Papa kòm Gro konésè te alé nan vil granm maten al wè moun li te konnen.
Nan epok Sa a ou paka annik parèt epi pou ou vire walé.

Papa’m pèdi bato a.
Tete cho pran li, nan chèché li kouri
Antré Potoprens epi li alé jwenn yon bato.
Li mandé marin an ki lèu bato pwal jeremi
Marin yo di lòt semen.
Kounyeya papa’m pa kon sa pou li fè.
Papa li ak manman li nan bato a epi li pa konen koman yo yé.

Papa’m jwenn machin ki lagé’l okay.
Li rive nan nuit epi li obligé domi yon jé ouvè yon jé femin.
Gran’m ti matin papa’m pran wout la pou li fè wout li pou koray.
Se a pye lap maché ak yon lòt ti bray.
Papa’m mandé ti bray la konbyen tan pou rive koray?
Ti jenn non’m lan di wap rive koray nan aprè midi.
Papa’m pat gen problem pou li maché paske li pat konn zòn lan epi papa’l ak manman li nan bato li pakonn si yo rivé.

Papa’m se moun ki renmen palé lap chache li bezwen rivé koray pou li wè fanmi manman’l
Nan maché, maché li tandé yon Bri.
Se te yon bri avion.
Li maché pi rèd.
Li tandé yon bri ankò.
Papa’m maché pi vit.
Li jwenn yon wout tete chagé.
Trou yo fon epi machin yo paka kouri.
Papa’m jwenn yon jeep ki ap passé
Epi li mandé chofè a eske ou ka lage’m koray.
Men’m lè a chofè a ba li woulib.
Li lagé li sou wout pou li antre koray

u89l9229ja.jpg

Papa’m kontan rive koray epi li mandé premye
Moun li wè a ki kote fanmi li yo yé.
Moun li palé a se matante li.
Li kontan anpil jwenn fanmi li.
Sa ki pi bèl la, papa li ak manman li pako rive.
Yo toujou sou lanmè.
Papa’m inkyè pou paran li.
Li pran yo de jou pou yo rivé koray.
Nan epok Sa a transportation te difisil anpil.
Se te yon retrouvay pou li wè Granma li nan koray.
Mwen pa konn fanmi m yo nan koray
Mwen konen yon matante ki pa menyien anyien frèt.

Sort:  

Oh ebyen nou k fanmi la wi, son bon istwa oswa se ou ki envantel. Kijan fanmiw yo rele sa ki koray yo ?

Posted using Partiko Android

Se konsa lavi a ye.
Nou tout se fanmi depi nou soti nan zile Ayiti a.
Non fanmi an nan zone Koray se Timothe ak Oriol

Sa yo se siyati a. Madanm mw se moun koray li ye. M tj al la. Nimpot lew vinn Ayiti poum mrnnrnw la. Li gen grann li prochen fwa male map mandel sil konn moun sa yo siw k banm plis endis poum ba li . li k raplel de yo.

Posted using Partiko Android

Are you having fun reading the story?
It sure did bring memory.

Are you having fun
Reading the story? It sure
Did bring memory.

                 - pouchon


I'm a bot. I detect haiku.

yes a lot. specially when i see that you are talking about a city that i know. i feel also connected to the story.

Posted using Partiko Android

Congratulations @zeugen! You have completed the following achievement on the Steem blockchain and have been rewarded with new badge(s) :

You distributed more than 11000 upvotes. Your next target is to reach 12000 upvotes.

You can view your badges on your Steem Board and compare to others on the Steem Ranking
If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

To support your work, I also upvoted your post!

Vote for @Steemitboard as a witness to get one more award and increased upvotes!